Edikasyon paran pou lavni miyò

AKOR

Ankourajman, Konsekans, Onè, Respè

Yon metòd levasyon timoun ki baze sou rechèch e ki valorize kilti ak lang ayisyen

Defi a

Lè pwogram edikasyon pou levasyon timoun yo pa egziste, yo pa sifi, oswa yo pa konsidere reyalite kiltirèl fanmi yo, paran yo manke sipò. Yo pèdi konfyans nan kapasite yo genyen pou disipline timoun yo. Sitiyasyon sa a yo mennen echèk eskolè ak delenkans jèn yo, ki gen konsekans grav pou fanmi ak sosyete.

Lide nou

Fondatris la

Dr Guilhène Wolff Benjamin kòmanse karyè li bonè. Li fè tout kalite eksperyans ki anrichi konesans li:

  • An Ayiti kòm Sikològ nan ekip rechèch « Institut pédagogique national » e nan « Centre d'éducation spéciale »

  • Ozetazini kòm Konseye lekòl “Little Haiti” ak “North Miami” e nan “Parent Academy”.

Doktè Benjamin devlope pwogram AKOR la nan yon rechèch-aksyon li prezante kòm tèz doktara li.