Angaje avè nou
Ou vle patisipe nan “koumbit” pou konstwi fanmi djanm ak lapè nan sosyete?
Resevwa fòmasyon animatè a
Fòmasyon an disponib sou entènèt e fasafas ak yon don ki pèmèt nou laji sèvis nou bay òganizasyon ki gen pa gen mwayen.
Patisipan yo bati konesans Pwogram AKOR la, yo patisipe nan diskisyon ki enteresan, e yo pratike wòl animatè yo.
Yo jwenn aksè ak Gid animatè a e Tablo prezantasyon yo sou fòm dijital.
Louvri baryè
Mande lidè òganizasyon w pou yo ofri atelye paran, e patisipe.
Ankouraje lòt moun patisipe e/oswa gade videyo AKOR yo.
Abone e patisipe nan medya sosyal AKOR Parenting.
Envite nou fè yon entèvyou pou ede nou lage enfòmasyon an.
AKOR Parenting pral ba ou sipò.
W ap genyen pou siyen yon Fòm konsantman pou
Anrejistre atelye yo
Respekte dwa patènite materyèl edikatif yo
Evalye pwogrè patisipan yo e ba nou fidbak
Ofri yon atelye paran
Patisipe nan ekspansyon Pwogram AKOR
‘Metòd AKOR pou levasyon timoun nan konsantre sou relasyon paran ak timoun. Se fondasyon an. N ap gen pou nou bati sou li.
Nap envite edikatè kolabore avè nou pou kreye e eksperimante nouvo matyryèl ki abòde plizyè lòt sijè, ki ka ede paran yo akonpli misyon yo.