Fè yon don
Pou kontribisyon monetè…
Fè yon transfè Zelle pou akorparenting@gmail.com
Poste yon chèk nan adrès P.O. Box 821031.
Osinon sèvi ak fòm ki sou paj sa a:
Klike valè w vle bay oswa seleksyone “Custom Amount” pou w ka mete yon lòt valè.
Klike ti flèch ki adwat la e chwazi sekans donasyon w la: Yon sèl fwa (One time) pa semèn (Weekly), chak 3 mwa (Quarterly), chak mwa (Monthly).
Klike “Support us by covering the fees” pou endike si w vle ajoute frè transaksyon sou lajan w ap bay la.
Klike bouton an pou kontinye.
Ou gen dwa bay materyèl, oswa prete lokal ou.
Òganizasyon defavorize ann Ayiti bezwen espas ak ekipman pou fasilite entèvansyon yo.
Nou apresye:
Laptop, telefòn, pwojektè ak ekran
Panno solè ak ekipman entènèt
Tout sa w ka imajine!
Kesyon & Repons sou donasyon
-
Wi. Nou respekte estanda sekirite endistri kat peman (PCI-DSS) pou n asire enfòmasyon peman ou sekirize e vi prive ou rete pwoteje.
-
100% benefis nou yo kouvri depans administratif, depans animasyon atelye, ak acha ekipman pou kominote defavorize ann Ayiti.
-
Wi! Kontribisyon ou bay AKOR Parenting kapab dedui nan taks Ozetazini nan limit lalwa pèmèt. Nou se yon òganizasyon ki egzante taks dapre Seksyon 501(c)(3). Nimewo idantifikasyon (EIN) se 88-3187491.
-
Wi. Y ap voye yon resi pou don ou, ansanm ak yon lèt remèsiman nan adrès imèl ou bay lè w fè kontribisyon w lan.
-
Nou kwè nan transparans. Chak ane nou pral piblye lis moun ki te bay $1,000 ou plis nan ane ki sot pase a, oswa ki te enkli AKOR Parenting nan plan siksesyon yo.
-
Wi! Ou ka patnè avè nou pou w ofri Pwogram AKOR la na kominote w, defann itilizasyon li toupatou, ede nan pwosesis evalyasyon an ak devlopman nouvo kontni.