Kote n kanpe
Misyon nou
N ap edike paran ak yon metòd ki baze sou rechèch e ki sansib ak kilti yo, pou ede yo reyisi levasyon pitit yo e bati lapè nan.
Vizyon nou
Fanmi ayisyen toupatou ap bati relasyon pozitif. Yo leve timoun k ap tounen sitwayen responsab ki kapab kontribye pou lavni miyò kominote yo.
Valè nou
Ankourajman, Konsekans, Onè ak Respè nan tout relasyon
Kolaborasyon ki depase limit nasyon ak kontinan
Enpòtans kilti ak lang patisipan yo
Efikasite ki baze sou rechèch kalitatif ak kantitatif
Kwayans nou
Paran yo jwe yon wòl kritik nan tranzisyon sosyete k ap soti nan sistèm opresyon pou yo rive nan demokrasi lè yo gen relasyon pozitif ak pitit yo.
Edikasyon paran ede fanmi imigran yo adapte yo ak kontèks demokratik sosyete ki akeyi yo.
Bon jan levasyon pwoteje timoun kont dezas vyolans, delenkans, abi sibstans, ak maladi mantal.
Tout paran gen posibilite pou aprann devlope relasyon ki jis, lakay yo e nan kominote yo.