Resous
AKOR Parenting ofri yon varyete zouti pou ede paran, dirijan pwogram ak animatè atelye yo:
Gid animatè atelye paran
Livrè aktivite ak feyè pou paran
Tablo prezantasyon (dyapozitiv PowerPoint, livrè oswa postè)
Seri videyo ‘Metòd AKOR pou levasyon timoun’
Seri videyo pou fòmasyon animatè
E talè konsa:
Yon liv pwezi ki sèvi ak vwa timoun pou ilistre prensip AKOR yo.
Videyo sa yo ka ede moun ki vle eksplore prensip AKOR yo pou kò yo.
Yo bay pi gwo rannman nan atelye paran kote patisipan yo gen opòtinite pou yo pataje, diskite, reflechi, e bay youn lòt sipò pou pote chanjman nan relasyon ak pitit yo.
Videyo Metòd AKOR pou levasyon timoun
Videyo 1: Lide fondamantal
Videyo sa a entwodui metòd AKOR la, e li diskite lide ki konstitye baz li. Se koneksyon ki genyen ant fanmi, lekòl ak sosyete, diferan metòd levasyon timoun, motivasyon moun, ak fòs ki aji sou devlopman timoun.
Videyo 2: Ankourajman
Li entwodui prensip la. Li aprann paran yo sa yo ka fè pou ankouraje pitit yo: anvan, pandan, apre yo fè sa yo mande yo, lè yo reyisi e lè yo pa reyisi.
Videyo 3: Konsekans
Videyo sa a entwodui prensip la. Li montre paran ki jan pou yo aplike konsekans natirèl e lojik, chita-poukont, ak pèt privilèj pou jere move konpòtman timoun yo.
Videyo 4: Honor
Videyo sa a fè nou konnen, nou onore pitit nou lè nou ba yo lanmou ak atansyon pozitif. Li montre ki jan nou ka bay oswa pa ba yo atansyon pou nou jere konpòtman yo, e ki jan pou nou sèvi ak kominikasyon pozitif.
Videyo 5: Respè
Videyo sa a entwodui prensip la. Li fè nou konnen nou dwe pèmèt pitit nou yo fè chwa e pran responsablite pou n ede yo bati respè tèt yo ak lòt moun. Li montre enpòtans respè fanmi ak kilti.
Videyo 6: Kolaborasyon
Dènye videyo sa a rezime prensip AKOR yo e li ofri paran estrateji pou yo kolabore ak patnè ki ede yo leve pitit yo: papa ak manman, manm fanmi ak kominote, zanmi pre, pwofesè lekol, ak otorite kote y ap viv.