Efikasite
Efikasite pwogram nan dokimante nan rechèch-aksyon an, e nan faz aplikasyon ki te swiv la.
Done yo kolekte ak rapò e temwayaj patisipan, ak lidè atelye yo.
Men sa patisipan yo di nou:
"Pwogram sa a se pou mwen l te fèt... Li ede w jere relasyon w, ni ak pitit ou, ni ak lòt moun ...
Mwen te konn bat pitit mwen rèd... Mwen sispann pou tèt fòmasyon an…
Anpil nan nou pa t konnen si timoun yo gen dwa angaje konvèsasyon ak paran yo...
Mwen pataje tout sa m aprann ... Mwen di mari m pa di pitit nou li pa bon...
Pwogram lan te twò kout ... Nou bezwen kontinye... Anpil moun bezwen enfòmasyon sa a...”
Sa lidè pwogram yo di nou:
“Nou viv nan yon sosyete destabilize… Pou nou soti nan kriz sa a, fòk nou edike paran yo epi leve pitit nou kòrèkteman.
Pwogram AKOR la pral ede nou konstwi Ayiti nou vle a...
Konsèp yo byen atikile nan videyo yo... Paran yo idantifye ak karaktè yo e yo reponn a kontni kreyòl la...
Se zouti mwen t ap chèche pou m ede paran ak pwofesè nan lekòl mwen an... Mwen sipòte pwogram AKOR 100%.”