Istwa nou
Li kòmanse ak rechèch aksyon pou kreyasyon Pwogram AKOR…
Lèfini yon ekip pwofesyonèl konpetan rasanble pou yo devlope nouvo materyèl e entèvni an Ayiti e nan dyaspora li.
2005 pou 2018: Devlopman
Gwoup paran rasanble nan lekòl Little Haiti, North Miami, ak Akademi Paran. Kontni ak teknik metòd AKOR la estriktire aretou diskisyon yo fè fen nan reyinyon yo. Pwogram la resevwa pri “Phoebe Apperson” nan men Asosyasyon pwofesè ak paran an 2006.
Li itilize nan etid rechèch: "Case Study of Haitian Students' Identity Awareness" ak doktè Charlene Desir nan NOVA Southeastern University, e “Haitian Parent Initiative" ak doktè Dr Lynn Katz nan University of Miami.
2023-2024: Pwodiksyon seri videyo Metòd AKOR
Yon script devlope pou seri videyo “Metòd AKOR pou levasyon timoun”. Manm ekip la revize l sistematikman. Miami-Dade-College ofri pou yo filme l nan estidyo yo gratis. Nou rekrite aktè pou sèn fanmi yo, nou edite imaj yo e n ajoute chante pou n ka pwodui videyo yo.
Seri a pibliye sou YouTube ak rezo televizyon BPX.
2023 jiska dat: Atelye paran nan Miami-Dade
Atelye paran AKOR yo enplemante ak anpil siksè nan lekòl ak sant kominotè nan Miami-Dade. Pami yo:
Saint Mary Cathedral School nan Little Haiti
K-8 Biscayne Gardens Academy nan North Miami Beach
Michael Krop Adult Education Center nan Miami an kolaborasyon ak Association of Haitian Educators of Dade
2024 jiska dat: Atelye paran nan Cayes, Ayiti
Òganizasyon Fanm Soley Lespwa (OFASOL) anseye metòd AKOR a paran e adolesan nan kominote Cayes-Simon. Yo patisipe nan 2 jounen seminè. Yo dekri eksperyans yo nan yon gwoup fokis ki te swiv.
Lidè yo, Bertinie Lyncé rankontre anpil defi men li deside pou l kontinye travay la epi gaye metòd AKOR la nan kominote alantou yo.
2025 : Formation de formateurs à Montréal
Pratisyen BCHM (Bureau de la communauté haïtienne à Montréal) resevwa yon fòmasyon fòmatè 14 è d tan fas a fas. Yo eksplore metòd AKOR la, yo patisipe nan diskisyon anime e yo egzèse wòl animatè yo a. Lèfini yo kòmanse animasyon yon seri atelye paran. Fanmi yo asiste ak fidelite malgre grèv transpò piblik ki te gen nan zòn yo.
Eksperyans la mennen devlopman yon modèl fòmasyon adistans.
2026: Fòmasyon fòmatè adistans
14 patisipan ki soti Ayiti, Canada, ak plizyè kote nan Etazini rankontre sou platfòm “Microsoft Teams” pandan 3 sesyon 3 è d tan. Yo gade videyo metòd AKOR yo ak videyo fòmasyon yo, e yo li gid animatè a pou yo prepare sesyon yo. Lèfini yo mete ansanm pou yo pratike wòl animate yo.
Eksperyans la entèaktif malgre distans la.
2026: Edikasyon seksyèl nan Cayes-Simon
Yon pwogram fòmasyon devlope pou adrese pwoblèm vyolans seksyèl lidè ak rezidan zòn nan yo te idantifye.
Atelye 4 sesyon a nan faz eksperimantasyon kounyela.
Li angaje paran ak timoun pou yo kominike sou chanjman kò, lespri, emosyon ak vi sosyal adolesan. Li montre yo ki jan pou yo pwoteje tèt yo.