Metodoloji
Metòd AKOR chita sou fondasyon solid rechèch-aksyon e teyori sikolojik.
Se yon apwòch estriktire ki angaje yon patisipasyon aktif, pou edike paran e ranfòse kominote yo.
-
Akronim AKOR la fòme ak premye lèt
"Ankourajman, Konsekans, Onè, Respè."Yo reprezante prensip debaz metòd la: 4 pye chèz nou dwe chita pou nou leve timoun ki pral tounen sitwayen responsab.
Patisipan yo …
Selebre bèl tradisyon pèp ayisyen nan zafè edikasyon
Kesyone tradisyon ki konekte ak yon istwa dominasyon, tankou baton ak imilyasyon
Aprann nouvo konsèp ak estrateji ki pou ede yo akonpli misyon yo.
Aktivite yo enkli: prezantasyon odyovizyèl, jwèt wòl, diskisyon, pataj eksperyans, ak meditasyon.
Atelye yo …
Gen dwa fèt nan 1, 3, 6, jiska 12 sesyon 1 èdtan ou plis
Adapte a piblik diferan kilti e diferan nivo edikasyon.
-
Pwogram AKOR la ka jwe yon wòl ki enpòtan nan prevansyon abi timoun e reyabilite paran ki te abize pitit yo.
Transfòmasyon relasyon nan fanmi jenere chanjman sosyal: Lè nou amelyore relasyon ak pitit nou, nou amelyore relasyon nan kominote ak peyi nou. Nou kreye yon modèl relasyon pozitif pou jenerasyon k ap vini.
-
Pwogram la jwenn enspirasyon li nan doktrin filozofik Alfred Adler ak Rudolf Dreikurs ki te gen yon gwo enfliyans sou konsèp levasyon timoun jounen jodi a.
Adler te entwodui konsèp “apatnans sosyal” ki motive aksyon nou. Li pale de 4 objektif timoun yo pousuiv lè yo gen move konpòtman: Y ap manifeste dekourajman, y ap chèche atansyon, yo vle pran revanch sou moun ki fè yo mal, oswa yo bezwen egzèse pouvwa yo.
Metòd AKOR la aplike teyori Adler la nan sans pozitif pou l devlope prensip li yo. Li ba nou estrateji pou n ede timoun yo jwenn valè yo nan gwoup sosyal yo ak konpòtman pozitif. Li montre nou ki jan pou nou…
Ankouraje bon konpòtman
Onore timoun yo ak atansyon pozitif
Aplike konsekans efikas e san vyolans
Bay timoun yo chwa ak responsabilite pou montre yo respè tèt yo ak lòt moun.
-
Se yon metòd rechèch syantifik ki chita sou done kalitatif (chifre).
Li devlope solisyon pou yon pwoblèm olye l chèche pwouve yon ipotèz.
Li angaje edikatè nan yon refleksyon sou anviwònman etidyan yo pou yo ka devlope metòd ak estrateji ansèyman pa yo.
“Adlerian Parenting in Little Haiti, an Action Research” egzamine pwosesis adaptasyon paran ayisyen ki emigre Ozetazini ak yon analiz istwa yo pataje nan yon seri entèvansyon an gwoup. Li pwopoze yon metòd edikasyon paran ki adapte a kilti e lang yo.
Rechèch la te prezante nan ‘Union Institute and University’ Ozetazini kòm tèz doktora filozofi otè a.
-
Nouvo materyèl nou devlope yo sibi yon pwosesis revizyon ak eksperimantasyon ki serye:
Yon gwoup ekspè analize kontni an. Yo gade si l adapte ak reyalite kilti nou, e nan ki mezi li kapab jeneralize.
Materyèl yo itilize sou teren, nou evalye enpak yo ak mezi kalitatif e kantitatif, e nou fè ajisteman ki nesesè.
Nou repete dezèym etap la jouktan materyèl yo rive nan estanda kalite n ap vize.